Prefere

Bedjine
Kompa2024Haitian Creole
ShareXWhatsAppFacebook

Lyrics

Depi m avè w m geri
Lè m avè w m santi m beni
Menm si le temps ta vyeyi n
M pa kwè yon jou n’ap janm mouri-i-i-i
Depi m avè w m geri
Lè m avè w m santi m beni
Menm si lanmò ta detwi
M m’ap toujou renmen w nan yon lòt vi-i-i-i
 
Mwen prefere soufri avè w
Olye pou m ta rejwi san ou-uuu
Mwen prefere mouri avè w
Olye pou m ta viv san ou-uuu
 
Mizik sa ak melodi ki ta fè
Kite l fredone
Oh, my baby I love you
Ou se kouran mwen
Ou fè anpoul lanmou m ret limen
Pi gwo fòs mwen dekouvri
Se tout sa nanm mwen vle nouri
 
Depi avè w geri
Lè m avè w m santi m beni
Menm si le temps ta vyeyi n
M pa kwè yon jou n’ap janm mouri-i-i-i
Depi m avè w m geri
Lè m avè w m santi m beni
Menm si lanmò ta detwi
M m’ap toujou renmen w nan yon lòt vi-i-i-i
 
Mwen prefere soufri avè w
Olye pou m ta rejwi san ou-uuu
Mwen prefere mouri avè w
Olye pou m ta viv san ou-uuu
 
Lanmou nou pa ta dwe
Merite jan
Lanmou nou pa avyon
Men l monte wo menm pase zetwal yo
 
Si dènye tan
Si la fin du monde
Konn bondye reyalize
Mwen avè w renmen tout vre
 
Si dènye tan
Si la fin du monde
O wi se paske
Mwen avè w renmen tour bon vre
 
Lanmou nou pa ta dwe
Merite jan
Lanmou nou pa avyon
Men l monte wo menm pase zetwal yo

Stream Bedjine